Kontribisyon vwa natif Kreyòl — pou pwojè ou yo

#2
by djstrategyllc - opened

Bonjou Jean Sauvenel,

Mwen rele Dan Jharahy, yon Ayisyen ki nan dyaspora — New Jersey, Etazini.

Mwen te tonbe sou travay ou fè nan kad rechèch mwen ap fè sou klonage vwa mwen, nan lide pou pote kontribisyon pa'm nan sove lang manman nou e prezève li pou jenerasyon k ap vini an kapab jwenn zouti pou kontinye konbat. Sa mwen wè nan pwojè ou yo, tankou Haiti AI Grant ak dataset sa a, te touche yon not nan lespri mwen.

Mwen vle kontribye vwa mwen — vwa yon Ayisyen natif natal — nan pwojè ou a, san kondisyon. Mwen gen plizyè anrejistreman odyo an Kreyòl Ayisyen — klè, pwòp, desant ak pwòp karaktè ayisyen an. Si yo ka itil ou pou anrichi done vwa w yo, pou fòme modèl TTS ou yo, oswa pou nenpòt lòt travay w ap fè pou lang nou an — yo se pa ou.

Mwen pa mande anyen an retou. Se yon kado pou misyon an.

Si ou enterese, di m' sèlman ki fòma ou bezwen yo, oubien si w vle rekode vwa'm pèsonèlman avèk skrip kreyòl pa w, ak ki pwosesis ki pi fasil pou ou. Mwen disponib.

📧 info@ptjinvestments.com
🔱 En Avant

Dan Jharahy

Sign up or log in to comment